POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 janvye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP REPONN AK KRIZ ANN AYITI A

MIAMI – Elèv, anplwaye, ak sipòtè Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ap reponn avèk yon kokenn chenn jenewozite pou asiste moun ann Ayiti yo apre tranblemanntè devastan semèn dènye a. 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Li reyèlman enpresyonan pou wè moun nou yo ap reponn ak bezwen vwazen yo ann Ayiti.  Jantiyès yo ak kolaborasyon yo nan tan bezwen sa a vrèman ekstrawòdinè.”

Espas koleksyon, yo te etabli nan chak lekòl leta yo, te resevwa yon gwo kantite materyèl medikal ak materyèl premye swen, dlo nan boutèy, ak materyèl pou kan––objè ki pi nesesè pou asiste viktim pandan kriz ann Ayiti a.  Jiska jodi a, lekòl yo kolekte 21 bwat materyèl medikal, 187 bwat manje ki pap gate, 1,000 kès dlo, ak senk bwat ekipman kan pou asiste nan efò soulajman an.  Pandan fen semèn nan, yo te voye pa avyon 40,000 liv dlo distri a te kolekte dirèkteman ann Ayiti a pou distribisyon.

Distri a ap resevwa don lajan tou atravè paj Entènèt li a, www.dadeschools.net. Distri a ap aksepte chèk tou ki fèt sou non “The Foundation for New Education Initiatives, Inc.,” avèk “Haiti Earthquake Relief” ekri nan seksyon memo chèk la.  Poste chèk yo nan 1450 N.E. 2nd Avenue, Room #776, Miami, Florida 33132.

Administratè distri lekòl la ap fè aranjman espesyal pou enskri timoun ki fèk rive pou lekòl lè yo rive nan Ayewopò Entènasyonal Miami, si yo deziyen ayewopò a kòm yon sant k ap resevwa moun.  Administratè yo ap adrese posiblite tou pou yo ofri vaksen pou elèv yo imedyatman lè yo rive nan ayewopò a, pou akselere dat pou yo kòmanse lekòl.  Yo ap plase nouvo elèv, ki ka pa genyen papye oubyen idantifikasyon avèk yo akoz dezas la, nan klas ki apwopriye ak laj yo.  Yo ap baze kourikoulòm pou nouvo elèv yo sou alfabetizasyon ak akiltirasyon.  Depi madi 19 janvye, yo enskri 60 nouvo elèv.

Yo plase ekip espesyal nan 15 lekòl ki sèvi popilasyon Ayisyen-Ameriken a pou fè de travay: akeyi e akonpaye nouvo elèv, anmenmtan ak bay konsèy pou kriz pou elèv ki la kounye a ak anplwaye tranblemanntè a te ka afekte.

Yo ap konsidere yon etablisman lopital distri lekòl la genyen nan Homestead pou sèvi kòm yon etablisman rezidans/edikasyon/sante, si gen plis bezwen.  Bilding nan genyen plizyè douzèn ansyen sal pasyan avèk twalèt endividyèl, yo ka fasilman adapte pou sèvi kòm lojman pwovizwa pou moun ki fèk antre yo.

Atravè yon kolaborasyon avèk ofisyèl eli lokal ak patnè kominotè, Distri a mande sipò finansye nan men gouvènman federal la daprè yon nivo depans ki kalkile alavans ki pou adrese bezwen edikasyonèl, sikolojik ak sosyal elèv sa yo.
Carvalho di, “ Se sèlman atravè kolaborasyon estratejik antite federal, eta ak lokal, sektè piblik ak prive nivo preparasyon Distri a ka amelyore.  Eksperyans nou apre ‘Mariel Boatlift’ ak Siklòn Andrew, ansanm ak eksperyans peyi a avèk Siklòn Katrina, te aprann nou kounye a se lè pou finalize plan aksyon nou.  Kesyon an se pa si timoun yo ap antre nan Sid Florid, men ki lè yo ap antre, e konbyen.”

###

10-JJS/100/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès