POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 22 Janvye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS, VIL HOMESTEAD, FLORIDA CITY PRAL LANSE 2YÈM VIZIT EDIKASYON KOMINOTÈ

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lawrence Feldman, ofisyèl eli lokal yo, administratè nan distri lekòl la, ak lidè biznis ak kominotè
KISA:

Dezyèm seri bis vizit Edikasyon Kominotè atravè divès minisipalite nan Miami-Dade County.

Vizit ap kanpe nan twa lekòl: South Dade Senior High, Homestead Middle, ak Florida City Elementary.

KILÈ: 

Lendi 25 Janvye
8:30 dimaten pou 2:30 nan aprèmidi

           
KI KOTE: 

Vizit la ap kòmanse nan Homestead City Hall, 790 North Homestead Blv.

POUKISA:

Vizit la ap bay ofisyèl eli lokal ak lidè biznis ak kominotè yo yon opòtinite pou vizite lekòl yo nan chak domèn e gade deprè amelyorasyon yo ak akonplisman edikasyonèl yo.
                       
Vizit yo fè pati efò Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè pou ale jwenn kominote yo ak akò edikasyonèl li genyen ak minisipalite yo. 

 

# # #

10-JJS/101/HD/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès