|
Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl ak Ko-Chèmann Komite pou Konte Tout Moun Perla Tabares Hantman, manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Administratè Distri, Direktè The English Center Dulce DeVilla, elèv, pwofesè ak sitwayen ki enterese |
POUKISA: |
Biwo Resansman Etazini konte rezidan Etazini chak 10 zan. Resansman 2010 la ap ede kominote yo resevwa plis pase $400 bilyon nan fon federal chak ane pou lekòl, sant fòmasyon travay, sant pou moun aje, pwojè travo piblik ak sèvis ijans. Anplis, enfòmasyon resansman an kolekte ap ede detèmine kantite vwa Florida genyen nan Lachanm Etazini.
The English Center, se yon egzanp lajan resansman an k ap travay, te fonde an 1962 kòm yon sant espesyal pou enstriksyon refijye ki antre Ozetazini. Lekòl la dwe konsantre sou “English for Speakers of Other Languages (ESOL)” (Anglè pou Moun ki Pale Lòt Lang), men li ogmante kou li yo jiska plis pase 50 pwogram adilt, vokasyonèl, ak lekòl kominotè.
|