POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 1ye fevriye 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS RENONMEN YON LEKÒL SOU NON JESSE J. MCCRARY JR, PREMYE
AFRIKEN-AMERIKEN SEKRETÈ DETA NAN FLORID

Lekòl Leta Miami-Dade County renonmen ansyen Lekòl Elemantè Little River sou non defen Jesse J. McCrary Jr., yon aktivis dwa sivil ak kominotè, e premye Afriken Ameriken ki te sèvi kòm Sekretè Deta Florid e avoka Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade.

Fanmi McCrary, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Solomon C. Stinson, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lawrence S. Feldman, e plizyè ofisyèl eta ak lokal te reyini ansanm vandredi pase pou devwale nouvo non lekòl la e pou selebre anpil akonplisman Msye. McCrary, ki te mouri an 2007.  Msye. McCrary, ki te premye Afriken-Ameriken Asistan Minis Jistis nan eta a, li te tou, premye avoka Nwa ki te defann yon koz devan Lakou Siprèm.

Dtè. Stinson, ki te pale nan seremoni an, te lanse yon apèl bay odyans la, “Pou onore gwo gason sa a e eritaj li kite pou nou, mwen lanse yon defi bay nou tout pou nou goumen pou ekselans akademik nan memwa li.”

 

###

10-JJS/103/HD/CM

ATACHMAN FOTO:

McCrary

SEREMONI RENOMINASYON POU LEKÒL ELEMANTÈ JESSE McCRARY JR.:
De goch a dwat:  Direkte Lekòl Elemantè Jesse McCrary Andy Pierre-Louis, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Solomon C. Stinson, Madan Margaret McCrary, pitit fi li Jessica McCrary, Senatè Eta Frederica S. Wilson, Manm Komisyon Konsèy Lawrence S. Feldman, ak Komisyonè Vil Miami Richard Dunn.

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès