|
M-DCPS, KONSILA JENERAL ITALI RENOUVLE MEMORANDÒM KONPREYANSYON POU YO ETABLI SEKSYON ITALYEN NAN PWOGRAM ETID ENTÈNASYONAL MIAMI – Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Konsil Jeneral Marco Rocca nan Konsila Jeneral Itali nan Miami te rankontre jodi a pou renouvle yon “Memorandum of Understanding (MOU)” (Memorandòm Konpreyansyon) ant Distri a ak Konsila a, pou kontinye pwogram “Italian Extended Foreign Language (EFL)” (Ekstansyon Italyen kòm Lang Etranje) e pou konfime etablisman seksyon Italyen “International Studies (IS)” (Etid Entènasyonal). Sa fè twazyèm fwa yo te renouvle MOU an depi yo te premye siyen li an 1998. Renouvèlman sa a ofri elèv Lekòl Miami-Dade County opòtinite pou yo vin konpetan nan Anglè ak Italyen, men tou pou yo pousuiv yon kourikoulòm akademik ki vize adrese estanda ki rijid nan sistèm edikasyon Etazini ak Inyon Ewopeyen. Dapre yon atik resan nan New York Times, te genyen yon diminisyon jeneral nan enstriksyon lang etranje nan lekòl Ameriken yo, eksepte pou Chinwa ak Italyen. Lekòl Leta Miami-Dade County pap suiv tandans sa a e li kontinye pwomouvwa etid lang mondyal kòm yon ladrès ki nesesè pou patisipe konplètman nan yon kominote global. Konsila Jeneral Itali nan biwo Miami an bay fon pou kat pwofesè Lang Italyen ak syans Imèn. Kat Lekòl M-DCPS ofri yon pwogram enstriksyon nan de lang Anglè ak Italyen: George Washington Carver Elementary (IS), George.Washington Carver Middle (IS), Charles D. Wyche Elementary (EFL), ak Lawton Chiles Middle (EFL). Pou plis enfòmasyon, kontakte Doktè Joanne Urrutia, Pwogram Bileng, nan 305-756-2902. NÒt EDITÈ A: ATACHMAN FOTO.
Konsil Jeneral Marco Rocca ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho renouvle Memorandòm Konpreyansyon ki etabli seksyon Italyen nan Pwogram Etid Entènasyonal.
### 10/JS/105/HD/RL
|