|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 janvye 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VIN NAN MIAMI, 21 FEVRIYE
Reprezantan ki ap soti nan plis pase 160 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2010 la nan Miami, kòmanse a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 21 fevriye, nan Doubletree Miami Mart Hotel, ki nan 777 N.W. 72 Ave.
Fwa a ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la pou rankontre ak reprezantan kolèj yo e pou jwenn repons kesyon yo genyen. Anplisdesa, yo pral ofri sesyon enfòmasyon sou èd finansyè, planifikasyon pou kolèj, admisyon e egzamen yo mande pou antre nan inivèsite ak kolèj. Y ap prezante sesyon espesyal ann Espayòl e an Kreyòl. Konseye ak sant konpitè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousdetid.
Se ‘‘The National Association for College Admission Counseling (NACAC)’’ (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman sa a. Vis-Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la. Madan Hantman, ki se ko-chèmann komite lokal fwa a pandan 14 zan konsekitif, di, ‘‘Fwa Kolèj Nasyonal la bay paran ak elèv yo aksè fasil ak enfòmasyon ekselan sou opòtinite edikasyonèl ak chwa, se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”
Chak ane NACAC patwone fwa nan 50 vil atravè peyi a ki atire plis pase 800,000 elèv ak paran. Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite www.nacacnet.org.
Nòt Editè a:
Fwa Kolèj Nasyonal la se yon Evènman ki popilè. Pou fasilite sikilasyon an, li rekòmande pou elèv 11yèm ak 12yèm ane eskolè rive a midi e elèv 8yèm, 9yèm ak 10yèm ane eskolè rive a 2è nan aprèmidi.
###
10-JJS/106/jam/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |