|
YO NONMEN CRISTINE O’HARA MEYÈ PWOFESÈ POU ANE A MIAMI – Pwofesè Lekti ak Redaksyon Cristine O’Hara nan Lekòl Mwayen Palmetto te resevwa gwo distenksyon lè yo te nonmen li Meyè Pwofesè Francisco R. Walker County pou Ane 2011 la. Seremoni rekonesans la te fèt nan Doral Golf Resort & Spa. Senk finalis, ki se yon pwofesè yo te nonmen nan chak senk rejyon Distri a, te nan konpetisyon pou resevwa tit dezirab sa a. O’Hara, ki se yon chèmann nan depatman lekti ak redaksyon, itilize ladrès li nan grafik-òdinatè pou ede elèv li yo bay etid yo yon valè pratrik nan lavi yo. Menmlè yo ap entèprete lejann Grèk atravè videyo yo pwodui oubyen woman klasik nan sèvi ak mayo yo fè, elèv li yo vin konprann reyalite lang ak literati ki toujou la lè yo eksprime yo nan diferan fason. Anbyans klas O’Hara a estrik e anmenmtan enteresan. Pou l gen plis siksè, O’Hara kreye yon paj Entènèt pou l kominike avèk elèv e paran yo. Pwogram Meyè Pwofesè pou Ane a se yon antrepriz tèt ansanm ant United Teachers of Dade, Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs ak Lekòl Leta Miami-Dade County. Cigna Healthcare of Florida finanse evènman an e Univision 23/Telefutura 69, Nova Southeastern University, American Airlines, Inc., Print Farm, ING Finances, Fox Mar Photography e Toyota of South Florida ko-finanse li. ### 10-JS/107/HD/RL
|