POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 9 fevriye 2010 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS LANSE RESANSMAN 2010 ETAZINI NAN ENGLISH CENTER

MIAMI – Perla Tabares Hantman, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County e Ko-Chèmann Komite pou Konte Tout Moun nan Resansman 2010 Miami-Dade County a, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Ana Rivas Logan ak Dtè. Lawrence Feldman, ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te lanse Resansman 2010 Etazini an nan The English Center vandredi dènye, kote li te souliyen enpòtans sant la pou paran, elèv ak lidè kominote ki te prezan yo.

Apwopo lekòl sa a ki te fonde an 1962 a, Hantman di, “Nou te chwazi lokal jodi a poutèt enpòtans istorik sant edikasyonèl sa a geneyen pou tout kominote nou an. The English Center se yon pwen depa ki trè apwopriye tou pou kanpay Resansman ane sa a, paske enstitisyon sa a reprezante plizyè milye moun ki te vini sou plaj Amerika yo nan rechèch yon rèv.”

Carvalho eksplike odyans la, “Distri lekòl la ap jwe yon wòl enpòtan nan Resansman 2010 la pou anpil bon rezon.  Resansman an detèmine kijan yo pral distribye fon federal yo, e meyè fason nou ka asire nou jwenn pati nou dwe jwenn se nan ankouraje tout moun nan kominote nou an pou ranpli fòm Resansman yo a.”

Rivas Logan, Ki nan Komite Direktè “National Association of Latino Elected and Appointed Officials (NALEO),” te souliyen aspè Resansman an ki se sèlman konte chak tèt moun ki Ozetazini, ki gen ladan moun tout laj, gwoup relijye, ak etnisite, sitwayen ak moun ki pa sitwayen.

Resansman 2010 la ap ede kominote yo resevwa plis pase $400 milya nan fon federal chak ane pou lekòl, sant fòmasyon pou travay, sant pou moun aje, pwojè travo piblik ak sèvis ijans.  Anplis, fon yo kolekte nan resansman an ede detèmine kantite vwa Florid genyen nan Lachanm Etazini.

Marilyn Stephens, Asistan Manadjè Resansman Rejyonal nan Rejyon Atlanta a, te asire odyans la tout enfòmasyon Resansman an ranmase prive e konfidansyèl e yo pa ka pataje yo ak pèsonn tankou lòt ajans federal yo e ajans lapolis yo.

Seremoni an te gen landan tou pèfòmans elèv ki soti nan Lekòl Elemantè Arch Creek ak Sant Ar Lekòl Mwayen Southwood.

###

EDITÈ FOTO:  Atachman foto ak deskripsyon

10-JS/108/HD/RL

Census

Elèv Linda De Jesus, nan mitan, ap li “Powèm Resansman” li a e moun ki ap koute yo se (de goch a dwat) Marilyn Stephens Ki soti nan Biwo Resansman Etazini, Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho, Direktris The English Center Dulce Devilla, Vis Chèmann Kominisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Ana Rivas Logan ak Dtè. Lawrence Feldman.

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès