|
ELÈV YO EKSPLORE OPSYON EDIKASYONÈL MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County sot fè eksperyans fwa Kolèj Nasyonal ki gen plis siksè pase tout sa li fè deja yo, dimanch nan Otèl Doubletree Miami Mart Airport. Plis pase 10,000 elèv avèk paran yo te ale nan evènman 4 èdtan sa a pou rankontre avèk reprezantan plis pase 190 kolèj ak inivèsite, ki soti atravè mond la, tankou Rome ak Philippines, pou poze kesyon konsènan admisyon, demann pou èd finansye ak tès. Vis-Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Madan Perla Tabares Hantman, ki se ko-chèmann Fwa Kolèj Miami-Dade di, “Mwen kontan pou m wè tout elèv ak tout paran sa yo te kapab ale nan evènman sa a e benefisye de li.” Nouvote ki te gen ane sa a se yon eleman ki te pèmèt elèv enskri alavans pou yo ka jwenn yon idantifikasyon elektwonik, ki ap pèmèt yo fè demann enfòmasyon nan divès kolèj ak inivèsite san yo pa bezwen ranpli yon kat enfòmasyon. Se “National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki te patwone evènman gratis sa a. ### 10/JS/110/HD/CM NÒT EDITÈ A: Atachman foto
FWA KOLÈJ –Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman (nan mitan) ak
|