|
KOMISYON KONSÈY KOLÈJ LA REKONÈT SENK LEKÒL SEGONDÈ MIAMI-DADE NAN
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “ Akonplisman sa a reflete angajman Komisyon Konsèy Lekòl la pou ofri elèv nou yo kou akademik ki avanse. Sa ap bay elèv nou yo yon kòmansman nan karyè kolèj yo.” Florid, ki gen distenksyon pou l gen katriyèm plis kantite elèv ki pran Egzamen AP nan peyi a, te fè eksperyans plis ogmantasyon nan yon sèl ane nan pousantaj popilasyon elèv li ki resevwa omwen yon nòt 3 oubyen pi wo nan yon Egzamen AP pandan yo nan lekòl segondè (3.1 pousan). Sèt lekòl leta Florid an premye nan peyi a nan ogmante aksè pou AP ak pèfòmans elèv segondè Afriken-Ameriken ak Espayòl ki gradye an 2009. Pa gen yon lòt eta nan peyi a ki te gen kantite lekòl leta yo rekonèt konsa. Men senk lekòl Miami-Dade yo:
AP prepare elèv pou yo jwenn siksè nan kolèj e sa ede kouvri pri kolèj yo. Rechèch montre elèv AP gen plis chans toujou pou genyen yon diplòm bachelye nan katran pase kamarad yo. Patisipasyon ak siksè nan kou AP ede elèv kalifye tou pou bousdetid kolèj. Komisyon Konsèy Kolèj la se yon asosyasyon manm ki pa la pou pwofi, kote misyon li se konekte elèv pou siksè nan kolèj ak opòtinite. AP Komisyon Kolèj la pwograme plis pase 30 kou ak egzamen e ofri elèv opòtinite pou yo pran kou nan nivo kòlej e genyen kredi kolèj oubyen plasman, pandan yo nan lekòl segondè.
### 10/JS/111/HD/RL
|