|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 mas 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
GWOUP DJAZ LEKÒL NEW WORLD SCHOOL OF THE ARTS PAMI 15 FINALIS YO CHWAZI POU 15YÈM “ESSENTIALLY ELLINGTON” ANYÈL
MIAMI – Yo te nonmen Gwoup Djaz “The New World School of the Arts (NWSA)” la kòm youn nan 15 finalis nan gwoup djaz atravè tout peyi a pou patisipe nan 15yèm Konpetisyon e Festival anyèl Gwoup Djaz Lekòl Segondè Essentially Ellington yo aplodi anpil. Yo te chwazi finalis yo baze sou entèpretasyon, teknik, ton/entonasyon, pwofondè emosyon ak enpwovizasyon plizyè konpozisyon Duke Ellington.
Gwoup yo pral fè konpetisyon e patisipe nan plizyè atelye, sesyon pèfòmans mizikal, e plis, pandan yon konpetisyon twa jou nan vil Nouyòk nan dat 8 pou 10 me, nan Lincoln Center. Twa premye tòp gwoup yo pral pèfòme ak Direktè Lincoln Center Artistic, Wynton Marsalis, kòm envite solis, ki pral kontinye ak pèfòmans djaz 15-pyès nan Lincoln Center Orchestra. Final Fèstival la se yon bankè prim pou onore solis eksepsyonèl, seksyon e twa premye gwoup yo.
Pwogram edikasyon mizikal san parèy sa a te rive jwenn plis pase 300,000 elèv nan plis pase 3,000 lekòl segondè atravè 50 eta yo, Kanada ak Ostrali pandan 15 ane istwa rich li a.
###
10/JS/114/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |