POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 mas 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS RESEVWA $3.5 MILYON DOLA DONASYON  POU AGRANDI AKSÈ ENTÈNÈT “BROADBAND” (GWO KAPASITE), OGMANTE KWASANS EKONOMIK  


MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa $3.5 milyon dola donasyon pou soutni adopsyon donasyon broadband, semèn sa a, nan men “Department Commerce’s National Telecommunications and Information Administration’s Broadband Technology Opportunities Program” (Pwogram Telekominikasyon Nasyonal Depatman Komès ak OpòtiniteTeknoloji Broadband Administrasyon Enfòmasyon).

“The American Recovery and Reinvestment Act” (Akò Ameriken pou Rekiperasyon an Re-envestisman) finanse donasyon sa a, ki totalize plis pase $160 milyon dola, e yo te bay 17 eta nan Etazini ak Pòtoriko pou sipòte deplwaman enfrastrikti Broadband, amelyore e elaji sant enfòmatik piblik yo, pote aksè entènèt gwo vitès nan plizyè milyon kay ak biznis, e konekte plizyè milye lekòl, lopital, bibliyotèk, ak biwo sekirite piblik rive sou gran otowout enfòmasyon an.

Opòtinite donasyon sa a ap pote sa k ap suiv yo pou Distri:

  • 6,000 òdinatè pou elèv yo vize nan 35 lekòl atravè County a ki demontre bezwen sosyo-ekonomik e ki ranpli kritè prezans nan lekòl
  • 10,000 abònman Entènèt pou yon ane pou fanmi nan 35 lekòl yo vize yo
  • Fòmasyon pou paran

Donasyon sa a pral pèmèt elèv ki ale nan lekòl ki demontre bezwen akademik, pou jwenn aksè sou resous “Links to Learning” (Koneksyon pou Aprann), ki se yon pwogram Sipèentandan Alberto M. Carvalho kreye.  Elèv ki jeneralman pa ka gen aksè resous/opòtinite teknoloji lakay yo, kounye a pral kapab fè devwa yo e resevwa entèvansyon akademik adisyonèl atravè resous “Student Portal” (Pòtal Elèv) ak “Links to Learning” (Koneksyon pou Aprann) sou paj Entènèt Distri a: dadeschools.net.

Paran yo tou pral aprann plis sou Pòtal Paran an ki sou Paj Entènèt Distri a, pral gen òdinatè lakay yo pou kominike ak pwofesè, e yo pral gen aksè a resous sou pòtal la, tankou Kaye Nòt elektwonik la.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Debora Karcher, Ofisye Enfòmasyon Anchèf, Sèvis Enfòmasyon Teknoloji, nan 305-995-3754.

 

###

10/JS/115/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès