POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 17 mas 2010 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS Ofri Ayiti 10 Bis Pou Sèvi Kòm Salklas


MIAMI – Apre Sipèentandan Carvalho te fin vizite premye dam Ayiti Elisabeth Preval pou l evalye bezwen edikasyonèl peyi a apre devastasyon tranblemandtè nan mwa janvye a, Lekòl Leta Miami-Dade County te mete 10 bis lekòl disponib pou Ayiti sèvi kòm salklas.  Sa yo se te bis yo te retire nan sèvis e yo te pwograme pou vann ozanchè.

Elèv ki soti nan twa lekòl – Lekòl Segondè Miami, Southwest ak Sant Edikasyonèl Robert Morgan – te prepare bis yo nan retire ban yo.  Epi anplwaye Distri a te founi bis yo avèk biwo pou elèv ak lòt ekipman ki nesesè.  Elèv lekòl segondè yo te fè yon pa anplis nan netwaye ak sire bis yo pou yo ka parèt kòmsi yo tounèf anvan yo ale ann Ayiti.  Chak bis te transfòme an yon salklas yo ka relokalize, konplè avèk yon espas pou pwofesè e prepare pou elèv Ayisyen yo kontinye edikasyon yo.

Yo ap kondui bis yo nan yon bato kago Miami e yo ap transpòte yo Pòtoprens, Ayiti, pou yo plase yo kote ki nan bezwen.  Youn nan bis yo ap disponib pou gade jodi a deyò oditoryòm Komisyon Konsèy lekòl la.

# # #

10JS/119/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès