|
SIPÈENTANDAN CARVALHO, MANM KOMISYON KONSÈY YO ALE NAN “RASANBLEMAN NAN TALLY” TALAHASSEE, FL – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak sèt Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te Tallahassee jodi a pou “Rasanbleman nan Tally” Asosyasyon Paran Pwofesè ak Elèv Florid kòm defansè pou finansman total edikasyon nan eta a. Carvalho di, “Mwen la jodi a pa kòm yon sipèentandan, men kòm yon paran, yon manm Komisyon Asosyasyon Nasyonal Paran ak Pwofesè e kòm yon peyè taks nan eta sa a ki kwè nou pa ka ap sibi plis rediksyon nan fon edikasyon leta. konsekans ratman nan envesti nan timoun nou yo e nan avni yo senpleman twòp.” Depi Carvalho vin sipèentandan an 2008, yo fòse distri lekòl la koupe $450 milyon nan bidjè li. Kounye a Florid plase prèske andènye nan jwenn fon pou edikasyon nan peyi a. Carvalho di, “Pandan Florid la ap goumen pou li refè soti nan dezas ekonomik sa a, lidè nou yo dwe rekonèt sèl sa ki pi enpòtan ki pou gide devlopman ekonomik nan Florid la se prezans yon sistèm lekòl dekalite byen wo, depi nan klas matenèl rive nan inivèsite, e pakonsekan yo dwe sispan balanse bidjè eta a sou do lekòl nou yo.” Yè, Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy yo te rankontre ak delegasyon Miami-Dade pou eksprime sousi yo konsènan fon, epitou li fè yon konvèsasyon kominotè ak elèv, ki te vwayaje pou alenan rasanbleman an, pou l reponn kesyon yo. Pami Manm Komisyon Konsèy ki te vini nan rasanbleman an te gen Vis Chèmann Perla Tabares Hantman, Agustin Barrera, Renier Diaz de la Portilla, Dtè. Lawrence Feldman, Dtè. Martin Karp, Ana Rivas Logan ak Dtè. Marta Pérez. ### 10-JS/123/CF
|