Lekòl Mwayen Jose De Diego pral resevwa enstriman mizik ak yon donasyon lajan nan men State Farm ® atravè pwogram nasyonal li Music is My Ticket. Pwogram nan sipòte pwogram mizik lekòl lokal nan kolekte enstriman mizik ki ize e bay tikè pou konsè ann echanj. Moun ki bay enstriman mizik ize yo ap resevwa de tikè pou yon konsè “Latin Billboard” k ap prezante Jencarlos ak Luis Enrique, 7 avril nan “The Fillmore Miami Beach” nan “Jackie Gleason Theater”.
Patisipan yo ka fè donasyon enstriman yo nan kabin entèraktif State Farm yo seleksyone, kote yo ka resevwa tou anrejistreman mizik gratis nan òdinatè e pran yon foto reyèl avèk yon atis Latin Billboard. Fanatik mizik yo ap jwenn aksè bonè pou konsè a.
|