POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 avril 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

PLIS PASE 6,000 ELÈV PRAL ASISTE PEFÒMANS ‘PETER AND
THE WOLF’ KÒM YON ELEMAN NAN PWOGRAM PASPÒ KILTIRÈL M-DCPS

KIYÈS: 

Plis pase 6,000 elèv ak pwofesè dezyèm ane eskolè Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS)

KISA:

Elèv yo pral asiste pèfòmans Peter and the Wolf

KILÈ: 

Mèkredi 7 avril 2010 soti 10 :30 rive 11 :30 dimaten

KI KOTE: 

University of Miami’s BankUnited Center 
1245 Dauer Drive
Coral Gables, FL 33146

POUKISA:

Elèv yo pral asiste pèfòmans Peter snd the Wolf nan BankUnited Center ki nan University of Miami, kòm yon eleman nan pwogram “Cultural Passport” (Paspò Kiltirèl) Lekòl Leta Miami-Dade County.  Se Òkès “Frost Symphony” Universite Miami ki ap egzekite Peter and the Wolf.  Yo te kreyePyès la pou inisye elèv yo nan enstriman òkès la. 

Pandan ane lekòl 2009-2010 la, M-DCPS te lanse pwogram Paspò Kiltirèl la, yon nouvo inisyativ edikasyonèl ki te fèt pou bay tout elèv jadendanfan rive 12yèm ane eskolè yon eksperyans diferan nan domèn kiltirèl la chak ane lekòl.  Pandan edikasyon yo ap evolye, tout elèv ap vizite mize ak galri ar, e fè eksperyans pèfòmans mizikal, teyatral, ak dans an dirèk.  Pou asire yon eksperyans konplè pou tout elèv, y ap kreye yon tèm oubyen yon vizyon diferan pou chak nivo ane eskolè.  Tèm oubyen sijè a pral santre sou yon fòm ar oubyen yon eksperyans kiltirèl nan chak nivo ane eskolè.

Atravè eksperyans nan domèn kiltirèl ak enstriksyon nan salklas ki melanje plizyè disiplin, elèv yo pral fè koneksyon ki enpòtan ant disiplin ki gen ar ladan ak sa ki pa genyen, pandan y ap kontinye devlope ladrès yo nan lekti ak ekriti, panse kritik ak rezolisyon pwoblèm, e amelyore pèfòmans akademik jeneral yo nan tout klas yo.

 

# # #

010-JJS/126/VVL/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès