POU DIFIZE IMEDYATMAN
Dimanch 12 avril 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

LEKÒL LETA MIAMI-DADE PREPARE POU YON YOUNEN LEKÒL REGILYE LENDI 12 AVRIL

PWOFESÈ YO RESEVWA MESAJ SIPÒ AK ANKOURAJMAN

MIAMI – Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County fè preparasyon pou asire yon jounen lekòl regilye nan lekòl nou yo atravè distri a nan lendi 12 avril 2010.  Nou fè yon sondaj pami direktè lekòl yo nan antisipe bezwen pou jounen an, yo alète pwofesè "substitute" (tanporè), e nou avize anplwaye administratè ki gen sètifika pwofesè, nou ka rele yo ale kouvri lekòl si li nesesè.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, "Pandan nou sansib pou sousi ak fistrasyon ki eksprime pa twò lontan desa pami pwofesè nou yo, nou ap soupriye yo pou yo vin travay kòm dabitid. Nou toujou sipòte pwofesè dekalite e ki pran responsablite, e pandan nou konprann fistrasyon pwofesè yo ap eksprime, nou atann pou gen yon jounen regilye demen.  Akoz tan enstriksyonèl trèzenpòtan pou elèv nou yo, nou ankouraje pwofesè yo pou sèvi ak yon fason konstriktiv deyò jounen lekòl regilye pou eksprime opinyon yo."

Pwofesè yo ap resevwa mesaj sipò ak ankourajman anrejistre soti nan men administratè Distri a aprèmidi a, ki soupriye yo pou yo vini travay nan orè yo jounen lendi 12 avril 2010 La.

###

10–JJS/132/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès