POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 12 avril 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO AP ATANN PWOFESÈ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
NAN LEKÒL YO MADI 13 AVRIL

MIAMI - Apre yon long jounen absans yon kantite pwofesè nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Sipèentandan Alberto Carvalho te raple tout pwofesè yo de responsablite yo e li te pale sou atant pou jou ki ap vini yo. 

Sipèentandan Carvalho di, "Nou konte sou pwofesè nou yo pou yo retounen nan travay yo te aksepte depi jou yo te siyen pou vin tounen pwofesè.  Nou ap atann pou nou wè yo prezan nan klas demen, ak pwofesè ki ap anseye e elèv ki ap aprann, e nou ap kontinye ankouraje yo pou sèvi ak metòd konstriktif pou fè tande pwendvi yo andeyò lè klas yo." 

Apwoksimativman swasanndis pousan pwofesè Miami-Dade te repòte pou travay lendi 12 avril 2010 la.  Pandan kèk lekòl te rapòte 100 pousan prezans, lòt lekòl te rapòte gwo pousantaj absans.  Direktè lekòl yo te fonsyone sou yon baz prèke nòmal nan itilize pwofesè tanporè e anplwaye distri ak rejyon yo.

 

###

10-JJS/133/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès