|
KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE REZOLISYON MIAMI – Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County apwouve 7-0, yon rezolisyon Dtè. Marta Perez pou sipòte pwofesyon ansèyman, e pou opoze “Florida Senate Bill 6” (Pwojè Lwa 6 Sena Florid la). Pwojè lwa sa a, ki sou biwo Gouvènè Charlie Crist pou l siyen li, ap makonnen yon pati nan salè pwofesè ak pèfòmans elèv, anmenmtan tou enpoze yon rediksyon senk pousan nan finansman distri a. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "SB 6 chaje ak frè enkoni, kèk ladan yo tonbe kareman sou zepòl komisyon konsèy lekòl lokal yo. Mwen pran angajman pou m travay pou pwoteje entegrite ak estabilite pwofesyon ansèyman an, e pou onore fòmasyon pwofesè yo pran." Rezolisyon an apwouve a sipòte pwofesè dekalite e responsab, epitou li pran an konsiderasyon enpak fiskal e operasyonèl SB 6, jan li ekri sou elèv, pwofesè, ak administrasyon distri lekòl lokal yo kòm yon anpyètman nan operasyon jounalye yo. SB 6 tou pral mande devlòpman 2,307 Evalyasyon Fen Kou ki se yon angajman ki ekstrèmman chè pou distri lekòl yo antreprann san finansman siplemantè. ### 10-JJS/135/GC/HD/SD
|