|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 avril 2010
|
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
EKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP SELEBRE JOUNEN LATÈ, 22 AVRIL
Atravè kolaborasyon ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak atis Miami Xavier Cortada, elèv nan plis pase 300 lekòl Leta Miami-Dade County pral selebre Jounen Latè 22 avril nan patisipe nan pwojè inisyativ "eco-art" (ar ekolojik) "Reclamation Project/Native Flags" Cortada a pou ede replante forè pyebwa natif Sid Florid la.
Distri a bay chak lekòl yon ti pyebwa natif pou yo plante sou teren lekòl la ak yon drapo reklamasyon tè Cortada fè. Lè yo fin plante pyebwa a e poste drapo a akote li, elèv yo ap ka pwoklame yo ap "reklame tè sa a pou lanati."
Aktivite sa a aprann elèv yo enpòtans pou anviwònman an dire lontan e li souliyen ide plis yo plante ak pran swen pyebwa jis yo grandi, plis lè a ap pwòp, e plasman kabòn kolektif nou ap pi piti.
WLRN pwodui yon videyo enfòmasyonèl ki dekri enpòtans pou angaje elèv yo ak kominote a nan plante ak pran swen ti bouti pyebwa sa yo a mezi tan ap pase pou ede ogmante forè pyebwa natif nou an. Moun ka wè videyo a e amize yo ladan pandan Semèn Latè a sou paj Entènèt Distri a nan: www.dadeschools.net. Kolaborasyon sa a te jwenn sipò tou nan men branch lokal Asosyasyon Plan Ameriken, Enstiti Achitèk Ameriken ak Konsil Bilding "Green" (Vèt) Etazini, ansanm ak Mize Syans Miami, Depatman Jesyon Resous Anviwònmantal Miami-Dade County, ak "Veber's Jungle Garden, Inc."
NÒT EDITÈ A:
· Atis Xavier Cortada ap nan Lekòl Segondè Hialeah a 11è dimaten pou plante yon ti pyebwa sou teren lekòl la avèk elèv yo e poste drapo reklamasyon li a. Lekòl la lokalize nan 251 East 47th Street.
· Atis Xavier Cortada ap nan nouvo lekòl TERRA a tou a 1:30 nan aprèmidi pou yon seremoni plante pyebwa ak poste drapo reklamasyon an. Lekòl la lokalize nan 11005 S.W. 84th Street.
###
10-JS/137/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |