|
BIWO KONTWOLÈ M-DCPS GENYEN PRIM NASYONAL POU “COMPREHENSIVE ANNUAL FINANCIAL REPORT (CAFR)” Biwo Kontwolè Lekòl Leta Miami-Dade County Resevwa yon Sètifika Reyalizasyon pou Ekselans nan fè Rapò Finansye pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finansye Global Anyèl) li a pou ane fiskal 2009 la. Sètifika Reyalizasyon sa a ki soti nan Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman Etazini ak Kanada (GOFOA), se pi gwo fòm rekonesans nan domèn kontablite gouvènmantal ak rapò finansye. Sa te fè 25yèm fwa youn apre lòt Distri a te resevwa prim prestijye sa a. CAFR gen gwo respè pami pwofesyonèl nan kontablite, asirans, analis sekirite, “bond rating agencies” (ajans garanti sou prè labank), ak ajans eta e federal nan kontablite fiskal. Se yon jiri enpasyal ki jije prim nasyonal prestijye sa a pou li ka satisfè gwo estanda pwogram nan ki gen ladan demontre yon “spirit of full disclosure” (dispozisyon pou bay tout enfòmasyon) pou kominike istwa finansye li yon fason ki klè e motive itilizatè ak gwoup itilizatè potansyèl yo pou yo li CAFR la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Connie Pou, Kontwolè nan 305-995-2001.
### 10-JS/138/HD/CM
|