POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 21 avril 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN CARVALHO FELISITE EFÒ LEJISLATÈ LOKAL YO



MIAMI ­ Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho felisite efò Delegasyon Lejislatè Dade yo nan batay pou prezève fon pou chak elèv pou ane lekòl ki ap vini an. Carvalho site aksyon lidè yo ak delijans yo nan sipòte travay di pwofesè yo e nan asire fon lekòl leta rete yon priyorite pami moun ki ap fè lwa nan Florid.

Carvalho di, ³Manm nan delegasyon lejislatè lokal nou yo merite gatitid nou kolektivman, ... Yo demontre kouraj eksepsyonèl e yo montre kominote sa a yo sousye pou edikasyon piblik.²

Sipèentandan Carvalho felisite tou efò delegasyon an nan defann e finanse yon etid pou revize aktyèl fòmil distribisyon fon edikasyon ajou eta a.
Carvalho di ³Mwen satisfè dèske reprezantan yo ap revize distribisyon fon edikasyon piblik, Š Fòmil la dwe reflekte divès karakteristik 67 distri lekòl la atravè eta a pou pi byen sèvi elèv yo nan tou distri lekòl yo nan Florid².

Carvalho di, ³Vwa kominote nou an te klè, Š Mesaj la se senpleman: sipòte elèv ak pwofesè yo nan bay lekòl resous yo bezwen, konsa tout timoun ap gen opòtinite pou yo briye akademikman.

###

010-JJS/139/TR/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès