|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 avril 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SWARE EGZIBISYON MIZE LEKÒL MAGNÈT
ELEMANTÈ WILLIAM JENNINGS BRYAN
MIAMI – Mèkredi 28 avril 2010, Mize Lekòl Magnet Elemantè W.J. Bryan ap fè yon Sware Egzibisyon pou montre travay elèv klas matènèl rive nan 5yèm ane eskolè kreye. Elèv "docents" (gid) yo ap la pou diskite pwojè miltimedya yo kreye kòm rezilta ekspedisyon aprantisaj ki fèt nan mize lokal yo. Lekòl la lokalize nan 1201 NE 125 Street, North Miami. Evènman an ap fèt kòmanse 5:30 rive 7:30 diswa.
Mize Lekòl Magnèt yo devlope patenarya solid avèk mize lokal nan zòn nan ak enstitisyon kiltirèl nan Miami-Dade County. Edikatè mize yo travay kòtakòt avèk pwofesè salklas yo, pou konekte kourikoulòm estanda a ak objè e fabrikasyon nan mize rèspèktif yo ansanm ak vizite bilding ak andwa istorik atravè county a. Kourikoulòm entegre sa a, vize premyèman objè ak ansèyman sou baz pwojè, aksantye rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon, ak rechèch atravè vizit kontini nan mize ak enstitisyon kiltirèl yo.
Mize Lekòl Magnèt Elemantè W. J. Bryan fè patenarya ak Fairchild Tropical Botanic Garden, Haitian Heritage Museum, Historical Museum of Southern Florida, ak Museum of Contemporary Art (MOCA).
###
010-JJS/142/VVL/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |