POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 26 avril 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

MAST ACADEMY SE YOUN NAN 6 FINALIS NAN LIS PREZIDAN OBAMA NAN
‘KONPETISYON POU LEVE DEFI MEYÈ SEREMONI GRADYASYON’

Vot sou Entènèt ap kòmanse 26 rive 29 avril pou deside twa lekòl antèt yo; Prezidan Obama ap chwazi gayan an.

MIAMI - Mezon Blanch ak Depatman Edikasyon te anonse yon Konpetisyon  pou leve Defi Meyè Seremoni Gradyasyon Lekòl Segondè bonè ane sa a kote yo envite lekòl leta atravè peyi a pou fè konpetisyon pou jwenn Prezidan Barack Obama pou pale nan seremoni gradyasyon yo.  Yo te chwazi sis finalis nasyonal pami plizyè milye aplikasyon e pwòp MAST Academy Miami-Dade la se youn nan finalis yo!

MAST bezwen sipò nou nan pwochen tou konpetisyon an – yon vòt piblik sou Entènèt ap detèmine twa lekòl antèt yo. Prezidan an lè sa a ap chwazi yon sèl gayan pami twa finalis yo, e vizite lekòl segondè ganyan an pou pwononse diskou seremoni gradyasyon pou klas 2010 la.  Vòt la ap kòmanse lendi 26 avril a 8è dimaten EDT (Lè Lajounen nan Rejyon Lès) pou jedi 29 avril, 11:59 nan aprèmidi EDT nan www.whitehouse.gov/commencement.

Yo jije aplikasyon yo sou baz pèfòmans lekòl la ak angajman pou li bay elèv yo yon edikasyon ekselan ki ap prepare yo pou yo gradye tou pare pou kolèj ak karyè yo chwazi. MAST Academy se sèl lekòl Florid yo te chwazi kòm yon finalis, e tout sitwayen Florid yo kapab benefisye de atansyon pozitif sou siksè efò elèv yo akonpli atravè lekòl yo.

Yo te anonse Konpetisyon  pou Leve Defi Meyè Seremoni Gradyasyon Lekòl Segondè a an fevriye dènye pou ensiste sou pwogram lekòl segondè inovatif ak modèl ki gen siksè nan bay bon rezilta admisyon kolèj ak preparasyon karyè. Defi a fè pati objektif prezidan Obama pou gen pi gwo pwopòsyon elèv ki gradye nan kolèj nan mond lan an 2020.
MAST gen tou yon paj Facebook ki titre, "Vote MAST Academy – Bring Obama to 2010 Graduation” (Vote MAST Akademi – Mennen Obama nan Gradyasyon 2010) nan www.facebook.com/group.php?gid=113695215322153&ref=ts.
                                                                                                       
Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Margaret Haun, MAST Pwofesè/Direktè Anchaj pou admisyon, nan 305.365.6278 eks. 2250 oubyen pa lèt elektwonik nan margarethaun@dadeschools.net.

 

###

10-JJS/144/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès