POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 5 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

YO REKONÈT YON EDIKATÈ M-DCPS KÒM YOUN NAN TWA EDIKATÈ DISTENGE
POU ANE 2010 LA NAN AR VIZYÈL, LITERÈ AK PÈFÒMANS

MIAMI – "YoungArts" rekonèt pwofesè Lekòl Segondè Design and Architecture (DASH) Ellen Abramson resamman kòm youn nan twa edikatè distenge pou ane 2010 la nan ar Vizyèl, Literè ak Pèfòmans.  Abramson se yon edikatè ar nan sistèm Lekòl Leta Miami-Dade County depi 1989.  Kounye a li ap anseye “Advanced Placement Studio Art” (Plasman Avanse Ar Estidyo) nan DASH.

Yon panèl seleksyon te chwazi gayan yo pami yon gwoup apwoksimativman 80 pwofesè yo te nome, ganyan klas 2010 prim lò ak ajan YoungArts te deziyen.  Abramson pral resevwa yon onorè $ 1,000 dola ak yon plak fòmèl pou sètifye akonplisman li.  Abramson se yon atis ki ap  travay ki pataje amou li ak pèfòmans ak elèv li yo.  Filozofi ansèyman li baze sou lide "divèsite pote inite."  Salklas li tounen yon andwa kote yon popilasyon divès ak jèn moun ki gen talan rasanble pou yo etidye langaj vizyèl ar la, e, pandan y ap eksprime tèt yo nan langaj komen sa a, yo aprann apresye diferans yo.

“YoungArts” se poto mitan “National Foundation for Advancement in the Arts” (Pwogram  (Fondasyon Nasyonal pou Avansman nan Ar).  Yo ofri prim sa a pou aksantye gwo kontribisyon  konsiderab chak edikatè sa yo fè nan avanse karyè jèn atis ki gen talan nan ar vizyèl, literè ak pèfòmans.

 

###

10-JJS/148/GC/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès