|
SIPÈENTANDAN CARVALHO NONMEN YON SOU-KOMITE POU KONPETISYON POU JWENN PLIS FON AN MIAMI- Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Msye. Alberto Carvalho nonmen yon sou-komite ki gen ladan sitwayen ki gen enterè nan kominote a pou bay konsèy e pote gwo patisipasyon yo, pandan distri lekòl la ap pwogrese nan aplikasyon li pou li ka Jwenn Plis Fon. Gwoup la gen ladan Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Perla Tabares Hantman; Manm Komisyon Edikasyon Florid Roberto Martinez; Prezidan UTD Karen Aronowitz; Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf Chanm Komès Gran Vil Miami Barry Johnson; Prezidan PTA/PTSA Miami-Dade Mindy Gould; Meyè Pwofesè pou Ane a nan Miami-Dade Cristine O’Hara, ansyen Meyè Pwofesè nan Miami-Dade Patricia Fairclough; ak elèv Lekòl Segondè Hialeah Abel Iraola. Vis-Chèmann Hantman di, “Konpozisyon gwoup sa a gen ladan yon reprezantasyon global moun ki gen enterè nan kominote a, ki esansyèl pou siksè distri lekòl nou an nan aplikasyon pou li Jwenn Plis Fon. Mwa pase, yo te nonmen Sipèentandan Carvalho, atravè yon dekrè egzekitif, pou li dirije Gwoup Travay nan Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon nan Florid. Anba direksyon Carvalho, Gwoup Travay la te revize “Memorandum of Understanding” (Akò Konpreyansyon) an ki sipòte aplikasyon eta a nan Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon, e li te travay pou favorize yon sipò ki pi laj pami moun ki gen enterè nan kominote a. Depatman Edikasyon Etazini patwone Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an, pou l ka bay $4.35 milya dola a eta ki premye nan prezante plan ki rich, men ki reyalizab pou egzekite refòm edikasyon ki rasyonèl, desizif e konpreyansif. Yo te chwazi Florid kòm youn nan 16 finalis pou Faz I nan Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an, paske aplikasyon li a te katriyèm pami eta ki te fè plis pwen yo. Eta a gen entansyon pou li aplike pou Faz II Konpetisyon pou Jwenn Plis Fon an, kote $3.4 milya dola rete disponib pou eta yo. ### 10-JJS/152/JS/CM
|