POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 6 me 2010  

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

1,200 ELÈV M-DCPS PRAL RESEVWA PRIM
Viv Aktif tankou yon Prezidan

KIYÈS: 
Elèv lekòl leta Miami-Dade, paran ak anplwaye Distri a
KISA:

Seremoni pou pwogram “I Can Do It, You Can Do It” (Mwen ka Fè L, Ou ka Fè L) pou resevwa Prim Viv Aktif tankou yon Prezidan

KILÈ: 

Lendi 10 me 2010
11è dimaten rive 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Felix Varela Senior High School
15255 S.W. 96th Street
Miami, Florida 33196

POUKISA:

Pwogram “I Can Do It, You Can Do It,” yon inisyativ Biwo Andikap ki nan Depatman Sante Etazini ak Sèvis pou Moun, se yon aktivite sou kondisyon fizik ki konekte konseye avèk elèv ki gen andikap.  Konseye ofri fòmasyon ak gidans senk jou pa semèn, nan yon entèval uit semèn.  Elèv ki fini pwogram nan resevwa pyès ak sètifika Prim Viv yon Fason Aktiv tankou yon Prezidan.  Yo te fè pwogram sa a pou adrese pwoblèm obezite kay timoun ak pwoblèm dyabèt tip II yo jwenn kay timoun ki gen andikap, ki gen plis chans pou vin inaktif.  Evènman sa a asosye avèk kanpay premye dam Michelle Obama “Let’s Move” (Annou Bouje).

 

 

# # #

10-JS/154/HD/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès