POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 12 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

CHANPYONA ECHÈK TITLE I  DISTRI M-DCPS AP FÈT 15 ME


Chanpyona Echèk Title I Distri Lekòl Leta Miami-Dade County pral fèt samdi 15 me soti 8è dimaten pou 3:30 nan aprèmidi nan Lekòl Segondè Booker T. Washington.  Lekòl la lokalize nan 1200 N.W. 6th avenue.

Chanpyona a louvri pou elèv depi nan jandendanfan jis rive nan klas 12yèm ane eskolè e yo ap fè yon seremoni prim a 2è nan aprèmidi.
Pou “RSVP” (reponn) ak pou plis enfòmasyon, kontakte Elizabeth Tejada nan 305-687-3854.

 

###

10-JS/157/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès