|
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO PWOPOZE MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral pwopoze yon lwa anti-fwod jodi a nan reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid. Sipèentandan Carvalho di, “Apre nou fin obsève konpòtman malonèt flagran kèk endividi nan gwo konpayi e nan “Wall Street” (Mache Finansye Ameriken), menmjan ak konpòtman kèk endividi nan lòt antite gouvènman, li enpòtan pou nou mete l klè pou anplwaye nou yo ak moun nou fè biznis avèk yo, nou pap tolere fwod, sou kelkeswa fòm li fèt la.” Malgre gen plizyè lwa Komisyon Konsèy Lekòl la ki touche kesyon fwod, pa gen okenn lwa ki adrese li espesifikman. Règleman yo pwopoze a pral aplike pou nenpòt fwod, oubyen fwod yo sispèk, ki enplike ofisyèl eli, anplwaye, konsiltan, vandè, kontraktè, ajan eksteryè ak anplwaye ajans sa yo e nenpòt lòt gwoup ki gen yon relasyon biznis avèk Distri a. Lwa a entèdi espesifikman:
Lwa a bay pwoteksyon espesyal pou endividi ki rapòte aktivite malonèt yo sispèk.
### 10-JJS/159/TS/CM
|