|
DISTRI LEKÒL LA AK OFISYÈL UTD SIYEN “MOU” NAN KONPETISYON POU JWENN PLIS LAJAN MIAMI - Solomon C. Stinson, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, ak Prezidan “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade), Karen Aronowitz siyen yon “Memorandum of Understanding” (Akò Konpreyansyon) pou sipòte aplikasyon eta Florid pou patisipe nan Konpetisyon pou Jwenn Plis fon nan lajan federal la. Depatman Edikasyon Etazini bay eta yo $4.35 milya finansman pou yo ka kreye e egzekite plan inovativ elabore refòm edikasyon ki rasyonèl, desizif e konpreyansif. Distri lekòl la ka jwenn jiska $90 milyon nan Konpetisyon sa a pou yon peryòd senk ane. Sipèentandan Carvalho di, “Sa se yon etap trè pozitif nan aplikasyon pou Konpetisyon pou Jwenn Plis fon an paske li montre sendika pwofesè nou yo sipòte plan sa a solidman... Sa se yon eleman esansyèl ki te manke nan aplikasyon nou te voye deja a. Anplis, fon sa yo nesesè anpil pou ede distri lekòl la kontinye ofri elèv nou yo pwogram edikasyon ki ekselan.” Mwa pase, yo te nonmen Sipèentandan Carvalho, atravè yon Dekrè Egzekitif, pou li dirije Gwoup Travay Florid nan Konpetisyon pou Jwenn Plis fon an. Nan pozisyon li kòm lidè, Msye. Carvalho mande moun ki gen enterè nan kominote a pou yo sèvi nan yon sou-komite lokal pou yo ka bay bonjan patisipasyon nan aplikasyon eta a pou finansman federal. Gwoup la gen ladan Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Perla Tabares Hantman; Manm Komisyon Edikasyon Florid Roberto Martinez; Prezidan UTD Karen Aronowitz; Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf Chanm Komès Gran Vil Miami Barry Johnson; Prezidan PTA/PTSA Miami-Dade Mindy Gould; Meyè Pwofesè pou Ane a nan Miami-Dade Cristine O’Hara, ansyen Meyè Pwofesè nan Miami-Dade Patricia Fairclough; ak elèv Lekòl Segondè Hialeah Abel Iraiola. Gayan konpetisyon sa yo pral ede mete anplas refòm edikatif ki efikas e sèvi kòm egzanp pou eta ak distri lekòl lokal atravè peyi a.
### 10-JS/160/TR/CM
|