POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DISTRI LEKÒL LA, MINISIPALITE LOKAL YO METE FÒS YO ANSANM
 POU PWOGRAM INOVATIF

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Majistra Vil Hialeah Julio Robaina, reprezantan vil patnè yo tankou Homestead, Miami ak Miami Gardens, ofisyèl distri lekòl yo, moun ki gen enterè nan kominote a ak sitwayen ki enterese

KISA:
Envesti nan Inovasyon (i3 Grant) – Pwogram Inovasyon nan Lekòl
KILÈ: 

Vandredi 14 me 2010
9:30 dimaten

KI KOTE: 

William H. Turner Technical Arts High School
10151 NW 19th Avenue
Miami, FL 33147

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak vil Hialeah, Homestead, Miami, ak Miami Gardens mete fòs yo ansanm pou ede lekòl leta Miami-Dade.  Antite yo antre nan yon akò pou yo aplike pou fon federal i3 pou sipòte yon pwogram "Schools of Innovation (SOI)"  (Inovasyon nan Lekòl) nan lekòl yo seleksyone.

"Schools of Innovation" chèche pou amelyore akonplisman elèv, ogmante prezans, redui pousantaj elèv ki kite lekòl e pwomouvwa yon anviwònman ki favorize preparasyon ak gradyasyon dezan oubyen katran kolèj (edikasyon aprè lekòl segondè) pou elèv.  Pwogram nan ap prepare elèv yo pou kolèj ak karyè. 

Lekòl Segondè William H. Turner Arts (Turner Tech) se yon modèl refòm lekòl yo rekonèt nasyonalman. Lekòl la mete sou pye yon lekòl ann antye, kote tout elèv yo suiv modèl Karyè Akademi ki estriktire pou pwogram etid katran ki gen ladan opòtinite pou pran diplòm “College-Ready” (Pare pou Kolèj) ak sètifika endistri.  

 

 

# # #

010-JJS/161/VVL/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès