|
M-DCPS RESEVWA DON $3.4 MILYON NAN “RECOVERY ACT” POU ELAJI EDIKASYON, ENFÒMASYON, AKSÈ SOU “BROADBAND” MIAMI - Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County aksepte yon don trè konpetitif anba “American Recovery and Reinvestment Act” (Akò Ameriken pou Rekouvreman ak Re-envestisman) ki totalize $3,473,498 pou finanse edikasyon, enfòmasyon, fòmasyon, aksè sou ekipman “broadband” (rezo kominikasyon gwo kapasite), e pou sipòte enstitisyon kominotè ak sèvis estratejik kreyasyon travay pou yon peryòd twazan. Opòtinite don yo bay Distri a pwodui sa k ap suiv yo:
Yo te devlope pwogram sa a apre siksè Distri a nan egzekisyon enstriksyon ki melanje avèk teknoloji e divès lòt estrateji enklizyon dijital tankou aksè nan Pwogram “Links to Learning” (Lyen pou Aprann), Sipèentandan Alberto M. Carvalho te kreye, ki te entegre teknoloji nan salklas nan asiyen yon òdinatè pou chak elèv pou yo ka sèvi anndan ak andeyò salklas la; Pwogram “Elevate Miami-Rites of Passage” nan patenarya avèk Vil Miami; ak Pwogram “The Education Fund’s Family Tech.” Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Iraida R. Mendez-Cataya, Asistan Sipèentandan, “Office of Intergovernmental Affairs, grants Administration, and Community Services” (Biwo Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Don, ak Sèvis Kominotè), nan 305-995-2532.
### 10/JS/162/HD/CM
|