POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS AKSEPTE YON DON SANTE $2.9 MILYON POU PWOMOTE BYENNÈT ELÈV, KOMINOTE 

MIAMI Lekòl Leta Miami-Dade County aksepte yon don nan antre nan yon kontra avèk Depatman Sante Miami-Dade County, pou yon montan apwoksimatif $2,917,805, pou Pwogram Communities Putting Prevention to Work (Kominote k ap sèvi ak Prevansyon) pou yon peryòd dezan. Depatman Sante te soumèt yon aplikasyon bay Depatman Sante Etazini ak Sèvis Imen, Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon pou yon Akò Koperatif anba Akò Ameriken 2009 pou Rekouvreman ak Re-envestisman. 

Pi bonè nan ane a, Komisyon Konsèy la te apwouve yon rezolisyon Vis Chèmann Perla Tabares Hantman te pwopoze ki rekonèt efò 22 patnè sante kominotè ki te kolabore avèk Distri a sou don sa a.

Pwogram “Communities Putting Prevention to Work” enkopore eleman ki ap suiv yo:

  • yon peryòd anplis pou kou elektif edikasyon fizik anba edikasyon adilt yo ofri nan tout lekòl segondè yo
  • devlopman Pwogram “Sport, Play and Active Recreation for Kids (SPARK)” (Espò, Jwe ak Rekreyasyon Aktif pou Timoun), yon kourikoulòm ki baze sou rechèch ki gen pou objektif ogmante kantite ak kalite aktivite fizik chak jou, ansanm ak amelyore nitrisyon, nan tout lekòl elemantè yo
  • yon sant byennèt pou anplwaye
  • yon Pwogram “Farm-to-School” (Travay Latè-pou-Lekòl) ki gen pou objektif ogmante disponiblite manje lokal yo nan meni ki nan kafeterya yo nan tout lokal lekòl K-12 e
  • yo pral mete nan tout kanpous lekòl segondè yo machin distribitè otomatik ranbousab ki estoke manje konplè ki fre e ki bon kalite

Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Iraida R. Mendez-Cartaya, Asistan Sipèentandan, “Office of Intergovernmental Affairs, grants Administration, and Community Services” (Biwo Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Don, ak Sèvis Kominotè), nan 305-995-2532.

 

###

10/JS/163/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès