|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 me 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DISTRI LEKÒL LA AP METE FÒS LI ANSANM AK MINISIPALITE YO
POU PWOGRAM INOVATIF
MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak vil Hialeah, Homestead, Miami, Miami Gardens, ak Univision mete fòs yo ansanm pou ede lekòl leta Miami-Dade yo. Antite yo antre nan yon akò pou yo aplike pou fon federal i3 pou sipòte yon pwogram "Schools of Innovation (SOI)" (Inovasyon nan Lekòl) nan lekòl yo seleksyone.
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, "Sa se yon egzanp san presedan yon minisipalite ak endistri ki ap travay avèk yon distri lekòl leta pou ede jèn nou yo. Kolaborasyon sa a ofri anpil potansyèl pou benefis tout moun ki enplike, men patikilyèman pou elèv nou yo."
“School of Study” (Lekòl Etid) pral òganize elèv ak anplwaye yo nan yon anviwònman ansèyman pèsonalize ki fèt pou sipòte reyisit tout elèv nan satisfè demand akademik wo nivo; pwomouvwa bonjan tranzisyon apre lekòl segondè ki gen siksè; e itilize yon plan kourikoulòm entegre ki sipòte e estriktire yon klima ansèyman ki konsantre sou korelasyon bezwen elèv ak devlòpman avèk mendèv yo etabli ak bezwen edikasyonèl apre lekòl segondè. “Schools of Study” pral kreye yon klima kolèj ak karyè nan devlope yon tèm karyè, kourikoulòm entegre ki sipòte tout elèv pou fini lekòl segondè ak siksè e tranzisyone nan kolèj e/oubyen mache travay la ak siksè.
Anplis, “Schools of Study” pral kreye yon anviwònman pwofesyonèl ki favorize yon sans responsablite kolektif pou reyisit elèv, sipòte kolaborasyon travay ki nesesè pou yo desine modèl kourikoulòm endividyèl lekòl la, sipòte aplikasyon meyè pratik, e ankouraje yon angajman dirab pou vizyon kolektif lekòl la. Yon kanpay sansiblizasyon piblik pral pèmèt moun ki enterese nan kominote a - paran, biznis, ajans gouvènman yo, enstitisyon apre lekòl segondè ak jèn yo - atikile yon vizyon tout elèv lekòl segondè yo pataje e etabli yon rezo responsablite ki garanti pwogrè anvè reyisit vizyon kolektif la.
"Schools of Innovation" chèche pou amelyore reyisit elèv, ogmante prezans, redui pousantaj elèv ki kite lekòl e pwomouvwa yon anviwònman ki favorize preparasyon ak gradyasyon dezan oubyen katran kolèj (edikasyon aprè lekòl segondè) pou elèv. Pwogram nan ap prepare elèv yo pou kolèj ak karyè.
M-DCPS gen Akademi Karyè nan divès etap aplikasyon, atravè Distri a e li fè patenarya ak “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) ak “National Career Academy Coalition” (Kowalisyon Akademi Nasyonal Karyè) paske baz rechèch yo, estrikti akademi karyè yo gen pèfòmans ki pwouve nan dosye nivo lokal, eta a ak nasyonal. Yon Plan Refòm Lekòl Segondè nan tout distri a ki deja anplas. Anplis, Lekòl Segondè William H. Turner Technical Arts (Turner Tech) se yon modèl refòm lekòl yo rekonèt nasyonalman. Lekòl la mete sou pye yon lekòl ann antye, kote tout elèv yo suiv modèl Akademi Karyè ki estriktire pou pwogram etid katran ki gen ladan opòtinite pou pran diplòm “College-Ready” (Pare pou Kolèj) ak sètifika endistri.
De lòt lekòl Akademi Karyè ki gen anpil siksè, Sant Edikasyonèl Miami Lakes ak Sant Edikasyonèl Robert Morgan, te fèt nan itilize modèl Turner Tech la. Toulètwa lekòl yo rich nan devlòpman pwofesyonèl yo ranfòse nan itilize “Continuous Improvement Models (CIM)” (Modèl Amelyorasyon Kontini), ankouraje patisipasyon paran solid, e gen patenarya solid ak biznis, endistri ak enstitisyon apre lekòl segondè yo. Lekòl sa yo reprezante popilasyon Distri a e yo sèvi elèv ki gen andikap (SWD), ki “limited English proficient LEP” (limite nan Anglè) e ki soti nan divès milye kiltirèl. Yo tout se lekòl “Title I”. Plan elèv yo gen ladan kat a sis kou nan pwogram etid yo chwazi yo.
###
010-JJS/164/VVL/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |