POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 me 2010 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PÈFÒMANS ELÈV 4yèm AK 8yèm ANE ESKOLÈ MIAMI-DADE DEPASE ELÈV NAN GRAN VIL ETAZINI NAN LEKTI

NÒT ELÈV ESPAYÒL E NWA BRIYE
 

Pèfòmans Elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) depase elèv nan plizyè gran vil Etazini  nan “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Pwogrè Edikasyon Nasyonal) “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Evalyasyon Esè Distri Iben) 2009 la nan Lekti.  Rezilta pou egzamen lekti yo depase rapò rezilta pou Matematik yo an desanm.
 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Elèv nou yo travèse gwo obstak pou yo resevwa nòt siksè ekselan sa a.  Malgre nivo povrete wo, diferan lang ak dezabilite, elèv nou yo demontre yo kab pèfòme pi byen pase lòt ki nan gran zòn iben yo. Pwofesè, administratè, paran elèv ak volontè nan lekòl yo tout merite bonjan remèsiman dèske yo ede elèv nou yo jwenn siksè.”
 
Elèv M-DCPS gen pi gwo mwayèn nan distri a pou nòt lekti pami tout distri TUDA nan peyi a pou 8yèm ane eskolè lekti. Elèv 4yèm ane eskolè M-DCPS fè nòt depase mwayèn e depase kondisip yo nan New York City, Boston, Houston, Atlanta, Chicago e Los Angeles.
 
Angwo, Elèv M-DCPS nan toude 4yèm ak 8yèm ane eskolè fè pi gwo nòt pase elèv nan vil ki gen plis pase 250,000 elèv, e fè nòt ki sou menm pye egalite ak total echantiyon elèv nasyonal.
 
Elèv Espayòl 4yèm ak 8yèm ane eskolè M-DCPS fè pi gwo nòt pase kondisip yo nan toude gran vil e esè nasyonal nan chak mezi yo.
 
Anplisdesa, elèv nwa nan 8yèm ane eskolè fè pi gwo nòt pase kondisip yo nan gran vil nan chak mezi yo: echèl nòt  mwayèn, nòt pousantaj nan oubyen depase nòt debaz, e nòt pousantaj nan oubyen depase konpetans.
 
Okenn gwoup pa fè pi gwo nòt pase elèv M-DCPS nan Lekti, ki gen ladan echantiyon nasyonal, lekòl nan gran vil yo, oubyen nenpòt nan 17 lòt distri TUDA yo.
 
Elèv M-DCPS ki nan nivo povrete (elèv ki elijib pou Pwogram Repa-Midi Gratis/Pri Redui nan toude 4yèm ak 8yèm ane eskolè) fè pi gwo nòt pase kondisip yo nan toude gran vil ak esè nasyonal nan chak mezi.
 
Okenn sou-gwoup nan M-DCPS fè nòt pi ba pase sa nan echantiyon nasyonal oubyen nan lekòl nan gran vil nan swa 4yèm oswa 8yèm ane eskolè.
 
Rezilta pozitif yo se rezilta apwòch konsantre distri lekòl la sou enstriksyon lekti, ki gen ladan kan lekti ete; entèvansyon lekti nan lekòl elemantè, lekòl mwayen, e lekòl segondè, ansanm ak aksan sou lekti atravè disiplin yo; yon konsantrasyon sou gide elèv lekòl mwayen pou klas nivo avanse ki elaji wout sou kou Plasman Avanse nan nivo lekòl segondè; ogmante opòtinite pou aprann atravè pwogram “Links to Learning”, e Akademi Siksè Sipèentandan an.

 

###

10-JJS/168/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès