POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 25 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV TWAZYÈM ANE ESKOLÈ M-DCPS YO DEMONTRE YO KENBE FÈM PWOGRÈ LEKTI, MATEMATIK FCAT
 

MIAMI ­ Elèv nan twazyèm ane eskolè yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County demontre yo kontinye ap fè pwogrè nan egzamen "Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)" (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid), daprè enfòmasyon Depatman Edikasyon Florid difize jodi a.  Distri a montre yon ogmantasyon nan mwayèn 3 pwen nan Lekti e 2 pwen nan Matematik.
 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Nou fyè pou tout rezilta pozitiv lekòl nou yo demontre.  Men nou fyè espesyalman pou lekòl ki ap pèfòme ba yo ki fè pwogrè malgre defi tankou povrete, diferan lang, e dezabilite.  Sa se rezilta yon efò tèt ansanm dirèk pwofesè, administrate, volontè paran ak elèv yo."
 
Rezilta pi dramatik la te fèt nan lekòl ki ap pèfòme pi ba yo, sa yo deziye kòm lekòl  F yo nan lis kritik Distri a pou Responsablite Diferansyèl.  Chak lekòl elemantè yo te deziye kòm lekòl F ane pase te demontre gwo pwogrè nan FCAT ane sa a.
 
Aktyèlman, Distri a ap travay pou verifye enfòmasyon de lekòl-a-lekòl e yo va bay piblik la enfòmasyon sa a lè li vin disponib.

###

10-JS/169/js/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès