|
KÈK LEKÒL M-DCPS GENYEN PRIM NAN CHANPYONA ECHÈK “TITLE I” DISTRI A Plis pase 1,400 moun, pami yo anviwon 850 elèv ki soti nan 78 lekòl, te patisipe nan konpetisyon 2010 “Florida Scholastic Chess League South Regional” (Lig Echèk Eskolè Rejyon Sid nan Florid) ki te fèt nan Lekòl Segondè Booker T. Washington, dènyèman. Yo te kouwone twa lekòl kòm chanpyon rejyonal eta: Lekòl Mwayen Rockway te genyen nan kategori Jadendanfan rive 8yèm ane eskolè, e Lekòl Segondè Miami ak Miami Senior te ko-chanpyon nan kategori Jedendanfan rive 12yèm ane eskolè. Ekip Lekòl yo resevwa prim tou nan senk lòt kategori ane eskolè: Jadendanfan rive 1ye Ane Eskolè Riverside Elementary – 1ye Plas 2yèm rive 3yèm Ane Eskolè Norwood Elementary – 1ye Plas 4yèm rive 5yèm Ane Eskolè Riverside Elementary - 1ye Plas 6yèm rive 8yèm Ane Eskolè Rockway Middle - 1ye Plas 9yèm rive 12yèm Ane Eskolè Miami Senior High - 1ye Plas Pami envite espesyal ki te nan tounwa a te genyen Granmèt Mondyal nan Echèk Alexandra Kosteniuk, Kapitèn Barrington Irving ki gen rekò Mondyal kòm pilòt solitè, Sipèentandan Lekòl Alberto Carvalho ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Dtè. Marta Pérez ak Dtè. Wilbert “Tee” Holloway. NOT EDITÈ A: ATACHMAN FOTO
Sipèentandan Alberto Carvalho, (dèyè-mitan) gen bò kote li kèk nan plis pase 800 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County, ki te patisipe nan konpetisyon Echèk Eskolè 2010 nan Florid.
### 10-JS/171/HD/CM
|