|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
28 me 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELEVATE MIAMI AP BAY 600+ ÒDINATÈ GRATIS, AKSÈ ENTÈNÈT POU ELÈV MIAMI-DADE, FANMI POU SIPÒTE ANSÈYMAN APRÈ SALKLAS LA, 1YE JEN
Miami — Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho ak ofisyèl Vil Miami yo pral patisipe nan yon evènman “Elevate Miami” Distribisyon Òdinatè ak plis pase 150 elèv ak fanmi yo madi 1ye jen, a 4:30 nan aprèmidi, nan Lekòl Segondè Miami Edison. Lekòl la sitiye nan 6101 N.W 2nd Avenue, Miami.
Pandan evènman an, elèv ak fanmi yo pral resevwa enfòmasyon sou pwogram “Elevate Miami,” sekirite sou Entènèt ak yon koudèy jeneral sou zouti pou aprann yo jwenn sou paj Entènèt M-DCPS la. Evènman an ap fini ak distribisyon òdinatè yo.
Vil Miami nan yon patenarya ak M-DCPS, pral bay prim 311 òdinatè adisyonèl pou elèv Miami, ki vin fè kantite total òdinatè yo bay ane sa a 679 òdinatè ak yon total 1543 òdinatè depi pwogram nan te kòmanse an 2008.
ELEVATE MIAMI gen pou objektif prepare tout rezidan Miami pou pozisyon lidè nan ekonomi global la, etabli patenarya piblik ak prive pou fasilite teknoloji ki abòdab, ki gen ladan aksè sou Entènèt nan pri ba/gratis, ansanm ak teknik ladrès pou jwenn travay ak opòtinite ekonomik pou tout moun nan Miami.
Pami patnè ki kontribye yo nou jwenn “Knight Foundation”, AT&T Foundation, PerScholas ak Microsoft ak “Miami-Dade Broadband Coalition.” Kolaborasyon inik sa a fè pati Akò Edikasyon Vil Miami ki baze sou Inisyativ Lyen pou Aprann Sipèentandan an.
###
010-JJS/173/VVL/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |