POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 28 me 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

– DIFIZYON FOTO –

UIT LEKÒL LETA MIAMI-DADE RESEVWA PRIM DON NAN MEN
FONDASYON LAURA BUSH POU BIBLIYOTÈK OZETAZINI

MIAMI – Uit lekòl leta Eight Miami-Dade te pami 13 lekòl nan Florid e 188 nan tout peyi a ki te resevwa prim $1,098,634 sou fòm don nan men Fondasyon Laura Bush pou Bibliyotèk Ozetazini jodi a.  Lekòl yo resevwa prim don ki rive jiska $6,000 pou elaji, mete ajou e divèsifye koleksyon liv ki nan bibliyotèk yo.  Uit lekòl ki nan Miami-Dade County yo se: COPE Center North, Dr. Robert B. Ingram Elementary, Howard A. Doolin Middle, Jose de Diego Middle, Toussaint Louverture Elementary, Lake Stevens Middle, North Dade Middle ak Miami Norland Senior High.  Ansyen premye dam nan te anonse tout gayan prim yo maten an nan Jose de Diego Middle School.

Laura Bush

Sipèentandan Lekol Miami-Dade Alberto Carvalho ak ansyen premye dam Laura Bush ap diskite
       enpòtans lekti pandan anons prim don sa yo jodi a nan Jose de Diego Middle School.

###

10-JS/174/HD/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès