POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SEREMONI KOUPE-RIBAN NAN MIAMI NORTHWESTERN POU 
“GREEN MY SCHOOL MAKEOVER"

KIYÈS: 

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho, Prezidan “EcoMedia-CBS” Paul Polizzoto, Direktè Lekòl Segondè Miami Northwestern Charles Henkerson, Repòtè Anchèf Envestigasyon nan CBS4 Michelle Gillen, ofisyèl Vil Miami, ofisyèl lekòl, elèv, patwon kòporasyon, ak lòt sitwayen ki enterese

KISA:
Konpetisyon “Green My School Makover” “CBS & EcoZone”
KILÈ: 

Jedi 3 jen 2010, 10:30 dimaten

KI KOTE: 

Miami Northwestern Senior High School
1100 N.W. 71st Street
Miami, Florida 33150

POUKISA:

Konpetisyon “Green My School” CBS & EcoZone te fè renovasyon ki respekte anviwònman nan twa lekòl ki te genyen gran pri yo, youn nan chak rejyon sa yo, San Francisco, Miami, ak Chicago. Anplis twa renovasyon sa yo, pwogram nan ofri bonjan pwogram anviwònman pou tout lekòl ki te patisipe nan chak rejyon.

An total, 45 lekòl te patisipe nan konkou a. Chak lekòl ki te patisipe te voye yon fòm estanda soumisyon ki tou kout e yon repons kreyatif ki esplike kisa respekte anviwònman vle di pou yo e poukisa lekòl yo a ta dwe resevwa yon renovasyon ki respekte anviwònman an.  Lekòl Segondè Miami Northwestern se youn nan twa lekòl gayan yo.

KONTAK:
Charles Henkerson, Direktè, Lekòl Segondè Miami Northwestern, nan 305-836-0991 oubyen Janice Sakamato, Vis Prezidan, “Sustainability Partnership, EcoMedia, nan 310-871-6889.

# # #

010-177/JJS/TTR/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès