POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 4 jen 2010    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

M-DCPS AP FÈ YON SEREMONI “GROUNDBREAKING” POU RENOVASYON TEREN FOUTBÒL LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH LA AVÈK LAJAN DONASYON

Ansyen elèv Lekòl Segondè Miami Beach ak propriyetè Miami Dolphins Stephen M. Ross fè yon donasyon pou teren lekòl la

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè yon seremoni “groundbreaking” (kòmansman konstriksyon) nan Lekòl Segondè Miami Beach samdi 5 jen, a 8:30 dimaten, pou renovasyon teren foutbòl li a, ki jwenn finisman nan men ansyen elèv ak pwopriyetè Miami Dolphins Steven M. Ross ak yon donasyon ki soti nan Miami Dolphins atravè “National Football League Grassroots Program.”  Ap gen yon klinik foutbòl pou jèn de 9è a 10è dimaten, apre seremoni an, ki ap prezante Ross, Ofisye Egzekitif Anchèf Dolphins Mike Dee ak “Dolphins quarterback” (aryè ofansif Dolphins) Chad Henne.

Ross te bay ansyen lekòl li a $82,000, ki te egale $82,000 donasyon ki te soti nan òganizasyon Dolphin la.  Total donasyon $164,000 a ap kouvri pri pou renove tè natirèl teren an, ki p ap sèvi kounye a paske li an move eta.  Yon fwa yo renove li, nouvo teren an ap sèvi plis pase 2,000 elèv ak yon kantite asosyasyon foutbòl pou lwazi jèn.  Yo pwograme finisman an pou septanm sa a.

Donasyon Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa nan men Dolphins, Fon pou Foutbòl Jèn ak “NFL Youth Football Fund and Local Initiatives Support Corporation (LISC)”, fè pati $2.5 milyon yo bay pou renovasyon teren ane sa a.

Pwogram “NFL Grassroots” la, yon patenarya ant “NFL Youth Football Fund” avèk LISC, premye kowòperasyon sipò devlòpman kominotè nan peyi a, te pèmèt yo fè konstriksyon oubyen renovasyon 225 teren foutbòl atravè peyi a nan 12 dènye ane yo.  Pandan tan sa a, “NFL Youth Football Fund” te bay plis pase $28 milyon pou revitalize teren jwèt nan katye ki pa gen sèvis sifizamman.  Teren yo se teren ki fèk konstwi oubyen ki resevwa bonjan renovasyon, avèk amelyorasyon tankou sistèm irigasyon, limyè, ban, tablo, pòs pou objektik ak tè.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Jason Jenkins, Relasyon Medya pou Miami Dolphins, 954-452-7174 oubyen 954-290-6864.

 

###

10-JS/178/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès