POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

“MOODY’S INVESTOR SERVICE” KONFIME YON EVALYASYON A1 POU LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY E CHANJE PÈSPEKTIF LI A ‘ESTAB’

MIAMI – “Moody’s Investor Service” konfime yon evalyasyon yo estime a “A1” pou Lekòl Leta Miami-Dade County e li chanje pèspektif negatif Distri a.  Akoz gwo amelyorasyon fiskal ki fèt anba administrasyon aktyèl la, pèspektif la kounye a “Estab.”

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Sa se yon nouvèl pozitif ki rive nou nan mitan pi move sitiyasyon ekonomik pifò nan nou konnen nan lavi nou.  Sa reflete estabilite distri lekòl nou an e li bay kominote nou an yon sans konfyans nan misyon nou an.”

Moody’s te plase pèspektif M-DCPS sou yon nòt negatif an oktòb 2008 paske kash ak rezèv li te bese.

###

                   10-JS/179/GC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès