“School House to Your House” se yon pwogram inovatif pou patisipasyon paran, ki ankouraje yon meyè kominikasyon ant lekòl ak lakay. Chak semèn timoun yo etidye yon diferan leson nan lekòl la e yo kontinye leson an lakay avèk paran yo. Sijè yo gen ladan yo trè karaktè oubyen valè tankou konfyans ak andirans. “School House to Your House” se yon zouti enpòtan pou bay elèv sipò akademik nan lekòl e lakay. Pwogram sèt-semèn nan te ranfòse patisipasyon paran nan Sant K-8 Devon-Aire a apwoksimativman 40 pousan.
Yo distribye “School House to Your House” nan fòma 8.5” x 11” e yo ouvri li sou yon tapi 17” x 22” ki revele kontni ki konsène sijè pou semèn nan. Dèyè do tapi a gen espas pou ekri, ilistre e fè desen konsènan sijè a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Ritchie Lucas atravè lèt elektwonik nan ritchie@thinkfactory.com oubyen rele nan nimewo 305-788-4105.
|