|
M-DCPS ONORE MEYÈ DIREKTÈ, ANPLWAYE POU ANE A MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County onore pi bon anplwaye li yo nan yon seremoni prim nan Jungle Island jodi a. Direktè Lekòl Segondè Miami Palmetto Howard I. Weiner genyen pi gwo onè a kòm Meyè Direktè Distri pou Ane a. Weiner te kòmanse karyè li nan Lekòl Leta Miami-Dade County kòm yon enstriktè tanporè an 1990 e li travay nan Miami Palmetto pandan senk denyè ane yo. Mesye Weiner dekri travay li gen kounyè a kòm eksperyans pwofesyonèl ki pi satisfezan nan karyè edikasyonèl li. Bi li te toujou pou amelyore prezans elèv nan lekòl, e anba direksyon li yo te kreye yon plan pou elimine absans e ogmante pousantaj gradyasyon lekòl la. Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho te prezante Sizyèm Prim Anyèl Edikasyon pou Sèvis Egzanplè, yo konnen kòm “The Eddies,” ki rekonèt gwo kontribisyon edikatè, anplwaye sipò ak administratè Gayan yo avèk lekòl yo nan lis ki anba a avèk kategori yo: Meyè Direktè pou Ane a – Howard I. Weiner, Miami Palmetto Senior Meyè Asistan Direktè pou Ane a – Mary Kate Parton, John F. Kennedy Middle Meyè Anplwaye Biwo pou Ane a – Tonnian Fairclough, School for Advanced Studies Meyè Parapwofesyonèl pou Ane a – Ruth R. Tisdoll, Miami Coral Park Senior Meyè Anplwaye AFSCME pou Ane a – Maggie D. Green, Country Club Middle
### 10-JJS/182/GC/CM
|