|
ENFÒMASYON TEKNOLOJI M-DCPS RANPÒTE LAVIKTWA MIAMI – Sèvis Enfòmasyon Teknoloji Lekòl Leta Miami-Dade County se youn nan 100 òganizasyon atravè lemond, tankou JetBlue Airways, Motorola, Proctor & Gamble ak AT&T, magazin CIO te onore akoz yo egzanplifye pi wo nivo ekselans operasyonèl ak estratejik nan “information technology (IT)” (enfòmasyon teknoloji). Yo ap prezante 100 prim CIO pou ane 2010 yo nan Rancho Palos Verdes, Calif., 24 out. Distri a te vityalize enfrastrikti IT li a nan itilize teknoloji “VMware”. Depatman an te kreye 702 machin vityèl pou delivre tout aplikasyon, tankou peman salè ak repòte nòt klas. M-DCPS se sèl sistèm lekòl nan peyi a ki ap opere tout enfrastrikti li a sou machin vityèl. Distri lekòl la ekonomize plis pase 2.5 milyon dola nan twazan e li redui depans enèji li a 1.5 milyon dola. Pou jwenn konsiderasyon pou 23yèm 100 Prim CIO anyèl la, yo te mande òganizasyon pou yo ranpli yon aplikasyon sou Entènèt. Yon ekip 40 jij te revize aplikasyon yo e yo te diskite valè yo, epi yo te vote pou 100 aplikasyon final yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte Debora Karcher, Ofisye Enfòmasyon Anchèf, Sèvis Enfòmasyon Teknoloji, nan 305-995-3754. ### 10-JS/185/HD/SD
|