POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV M-DCPS AP FÈ LISTWA NAN KONPETISYON “NATIONAL SECME ESSAY, WATER ROCKETRY”

MIAMI - Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ranpòte tout premye prim yo nan Konpetisyon “National SECME” ki te fèt nan “Georgia Institute of Techology” mwa dènye.  M-DCPS te genyen nan toude konpetisyon redaksyon an ak evènman “water-bottle rocket” nan nivo elemantè, mwayen ak segondè.

Nan Konpetisyon SECME, yo atann pou elèv yo desinen, konstwi, e teste yon varyete pwojè jeni ak rechèch pandan tout ane a.  Yo ekspoze elèv yo tou a karyè e enjenyè pratikan ki ede yo konprann enpòtans matematik ak syans nan ekonomi global la.  Bi final la se ankouraje elèv yo pou yo pousuiv degre apre segondè nan jeni, matematik, syans ak teknoloji.

Elèv ki te resevwa onè premye plas yo se te:

Redaksyon Lekòl Elemantè

Reva Dixit

Archimedean Academy

Redaksyon Lekòl Mwayen

William King

Redland Middle

Redaksyon Lekòl Segondè

Kevin Pardinas-Liuzzi

G. Holmes Braddock Senior

“Water Rocketry” Lekòl Elemantè

Amanda Freire

West Hialeah Gardens Elementary

Yasmin Ruiz

West Hialeah Gardens Elementary

Nicole Alvarez

West Hialeah Gardens Elementary

“Water Rocketry” Lekòl Mwayen

Alejandra Ares

George W. Carver Middle

Michaela Manzieri

George W. Carver Middle

Isabella Maldonado

George W. Carver Middle

SECME ki te rele anvan “Southeastern Consortium for Minorities in Engineering,” SECME se yon alyans estratejik pou renouvle e ranfòse kapasite pwofesyonèl edikatè klas jadendanfan rive 12yèm ane eskolè, motive e konseye elèv, e ekipe paran pou tout elèv ka aprann e pèfòme nan nivo ki pi wo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Doktè Ava D. Rosales, Sipèvizè Enstriksyonèl, M-DCPS Curriculum and Instruction (Science) pa lèt elektwonik nan arosales@dadeschools.net, oubyen nan telefòn: 305-995-1939.

###

10-JS/186/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès