POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

GAYAN KONPETISYON REDAKSYON LIBÈTE SIVIL ACLU “ZELDA GLAZER”

MIAMI – “American Civil Liberties Foundation” (Fondasyon Libète Sivil Ameriken) nan Florid anonse gayan twazyèm Konpetisyon Redaksyon anyèl “Zelda Glazer Civil Liberties” nan evènman anyèl yo a “ACLU Greater Miami Chapter Law Day.”  Gayan yo, tout se elèv k ap fini lekòl segondè nan lekòl leta Miami-Dade, te resevwa tou prim bousdetid.  Yo nan lis ki anba a:

   •       Premye Plas – Abram Harrell, Coral Reef Senior High, $1,500
   •       Dezyèm Plas – Kenechi Okany, MAST Academy, $1,000
   •       Twazyèm Plas – Michael Rojas, Hialeah Miami Lakes Senior High, $500

Konpetisyon redaksyon ACLU Florid la se yon opòtinite pou elèv gen yon meyè konpreyansyon sou libète sivil yo defini nan Konstitisyon Etazini an.  Yon komite jij te egzamine disètasyon elèv yo.  Yo chwazi redaksyon gayan yo selon pasyon, kontni, ladrès nan ekri, orijinalite, konsantrasyon ak òganizasyon elèv yo.  Tout redaksyon ki genyen yo disponib sou Entènèt nan www.aclufl.org/zelda.

Etabli an 2007, Fon Bousdetid “Zelda Glazer” onore memwa ak zèv lavi diran yon edikatè eksepsyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County ki te travay pandan plis pase 40 an kòm yon pwofesè lekti ak redaksyon e kòm yon administratè.  Madan Glazer te yon defansè devwe pou dwa sivil ak libète nan lekòl ak nan kominote a.  Li te travay di pou soutni dwa konstitisyonèl elèv yo, espesyalman sa ki enplike nan fè ekspoze ak jounalis.

###

10-JS/187/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès