POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

“ALLIANCE FOR A HEALTHIER GENERATION” PRAL ONORE 15 LEKÒL MIAMI-DADE POU EFÒ YO POU KONBAT OBEZITE LAKAY TIMOUN 

MIAMI – Kenz lekòl leta Miami-Dade pral resevwa rekonesans nasyonal jedi 15 jen, nan men “Alliance For A Healthier Generation” (Alyans Pou Yon Jenerasyon ki Pi Ansante) nan Bibliyotèk Prezidansyèl William J. Clinton nan New York paske yo transfòme kanpous yo pou fè yo tounen kote elèv ak anplwaye ap viv ansante.  Gayan yo pami 178 lòt lekòl atravè tout peyi a Prezidan Clinton pral rekonèt paske yo kreye bonjan anviwònman pou ranvèse tandans obezite lakay timoun.

Lekòl yo elijib pou Prim Rekonesans Nasyonal Bwonz, Ajan, Lò oubyen Platin baze sou nivo pèfòmans yo, baze sou domèn tankou repa, edikasyon sou sante, edikasyon fizik ak byennèt anplwaye.

Gayan Bwonz
Springview Elementary                                     Paul L. Dunbar Elementary
North Hialeah Elementary                                 Royal Palm Elementary
Henry E.S. Reeves Elementary                          Liberty City Elementary
Riverside Elementary                                        Dr. Robert Ingram Elementary
Jack Gordon Community                                    Ruben Dario Middle

Gayan Ajan
Blue Lakes Elementary                                     Gertrude Edelman/Sable Palm Elementary
Edison Park Elementary                                   Melrose Elementary
North Beach Elementary

Alyans Pou Yon Jenerasyon ki Pi Ansante se yon patenarya ant “American Heart Association” (Asosyasyon pou Maladi Kè ann Amerik) ak Fondasyon William J. Clinton pou kreye yon jenerasyon ki pi ansante nan adrese youn nan pi gwo menas pou sante piblik – obezite lakay timoun.

Nan kòmansman ane sa a, Alyans la te vin tounen yon Manm Fondatè Patenarya pou yon Amerik ki Pi Ansante, òganizasyon endepandan, san patipri yo te kreye pou sipòte objektif Kanpay Premye Dam Michelle Obama Let’s Move!

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Jayne Greenberg, Direktè Distri, Edikasyon Fizik ak Enfòmasyon sou Sante, nan 305-995-1963. Madi 15 Jen, a 2è, y ap difize sou Entènèt seremoni Pwogram Rekonesans pou Lekòl ki Favorize Lasante, nan www.healthiergeneration.org.

###

10/JJS/188/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès