POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

SIPÈENTANDAN CARVALHO DEVWALE NOUVO BIDJÈ LEKÒL 2010-2011 LA

Yo pwopoze Rediksyon nan Taks pou Pwopriyetè Kay Miami-Dade yo

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te ofri manm Komisyon Konsèy Lekòl yo yon apèsi sou bidjè lekòl ane 2010-2011 la nan yon atelye jodi a, avèk yon plan ki aksyante pèfòmans elèv pase tout bagay.

Plan bidjè ki chita sou valè yo reflete prensip ki gide distri lekòl la: pa ranvwaye pwofesè; pwoteksyon manm ki pi vilnerab nan travayè yo; pa redui klas ar ak mizik; plis rediksyon nan kantite elèv ki nan salklas; yon amelyorasyon nan nivo kredi; ak yon rediksyon taks pou pwopriyetè kay yo, pandan li kenbe bon fonksyònman fiskal Distri a.

Carvalho di, “Jodi a nou prezante yon bidjè ki balanse pwoteksyon travayè nou yo ak pwoteksyon salklas la, pandan n ap respekte moun ki peye taks nan Miami-Dade County…Bidjè nou an dwe reflete valè nou yo.”

Bidjè ane sa a vini avèk yon nivo transparans ki san parèy pou tout moun ki konsène yo ak distri lekòl la.  Yo te devlope bidjè a daprè ide ak patisipasyon moun lokal ki konsène yo, tankou ofisye egzekitif anchèf nan gwo nivo, chanm komès, administratè lekòl ak paran. 

Bidjè a ogmante rezèv distri lekòl la tou, ki enpòtan pou kenbe nivo ki favorab pou obligasyon Distri a.  Mwens pase de semèn desa, “Moody’s Investor Service” te afime yon evlyasyon yo estime a “A1” pou Lekòl Leta Miami-Dade County e li te chanje pèspektif negatif Distri a.  Akoz gwo amelyorasyon fiskal ki fèt anba administrasyon aktyèl la, pèspektif la kounye a “Estab.”

Gran liy jounal nan peyi a demontre sikonstans devastan distri lekòl yo ap konfwonte atravè peyi a.  Sipèentandan an sijere inisyativ ki redui depans pou yon total ekonomi a plis pase 35 milyon dola.  Yo te analize pwogram edikasyonèl yo pou efikasite ak nesesite, ansanm ak popilarite, pou ede ogmante ekonomi an.

# # #

10-JS/190/GC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès