POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 17 jen 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

“COUNCIL OF GREAT CITY SCHOOLS” KLASE M-DCPS NIMEWO 1 NAN TEKNOLOJI

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County make pi gwo pwen pami distri lekòl nan tout peyi a nan domèn Enfòmatik, dapre yon rapò ki soti nan “Council of Great City Schools” (Konsil Lekòl nan Gran Vil) yo, semèn sa a.  Rapò a, Managing for Result in America’s Great City Schools, (Jere pou Nou ka Jwenn Rezilta nan Lekòl ki nan Gran Vil Etazini) idantifye mezi pèfòmans, endikatè kle, ak meyè pratik nan distri lekòl leta ki nan vil yo atravè nasyon an.  Yo fè li pou ede sistèm lekòl leta ki nan vil yo mezire pèfòmans yo e amelyore operasyon ki pa enstriksyonèl yo.   

Lekòl Miami-Dade yo resevwa nòt pèfòmans ki pi wo nan senk sou sis kategori Enfòmatik yo te analize.  Distri a soti an premye pozisyon nan peyi a pou done yo te kolekte an 2008-09.

Nan Kategori Enfòmatik yo te genyen:

    • Enfòmatik Jeneral (Laj òdinatè yo, Depans Enfòmatik pou chak elèv, Depans Enfòmatik pou chak FTE)
    • Asistans (Premye kontak, satisfaksyon kliyan)
    • Sekirite
    • Pwogram Aplikasyon (Ranje e retounen pou devlopman)
    • Disponiblite Rezo
    • Kou Operasyon Rezo (Kantite enfòmasyon chak elèv transmèt, kou telekominikasyon pou chak elèv)

    ###

    10/JS/191/HD/CM

     

     

    Retounen sou Nòt pou Laprès